• Yon bidjè sitwayen se yon vèsyon senp kote yo prezante bidjè Leta a ak yon langaj ki pa teknik. Si bidjè ofisyèl Leta a se yon dokiman teknik, ki chaje chif epi ki pa fasil pou tout moun konprann, okontrè, bidjè sitwayen an prezante enfòmasyon finansye ak ekonomik yo nan yon langaj pou nenpòt sitwayen konprann epi analize.
• Bidjè sitwayen pa vle di n ap genyen de (2) bidjè apa. Sa pa vle di nonplis ke bidjè anvan yo pat konn fèt nan enterè popilasyon an. Se sèlman yon lòt fason pou prezante enfòmasyon ki nan bidjè Leta a pi klè pou tout moun sitou sila yo kip a nan domèn finans piblik yo.
• Yo rele l bidjè sitwayen paske li fèt pou tout moun, nan kèlkeswa domèn yap travay. Objektif li se fè plis moun konnen, konprann epi patisipe nan fason Leta ap jere resous peyi a.
• Bidjè sitwayen an pa yon zouti pou pran desizyon, men se yon zouti pou enfòme, fè moun reflechi ak ranfòse transparans sou jan Leta ap depanse.
Bidjè sitwayen an ale pi lwen ke yon senp inovasyon nan administasyon piblik la.
Li charye anpil gwo chanjman nan jan Leta ak Sitwayen yo kominike
Bidjè sitwayen an se yon okazyon pou yo pi byen konprann aksyon Leta ap mennen yo, pèmèt tout moun pote kontribisyon yo nan jesyon peyi a, idantifye pwoblèm yo epi patisipe nan chache solisyon yo.
Bidjè sitwayen an son mwayen pou bay plis lejitimite nan desizyon yo gen pou pran, bay pwojè yo plis jarèt gras ak patisipasyon kolektivite yo, epi chache rejwenn konfyans sitwayen yo.
Chanjman nan sa ki gen pou wè ak pratik demokratik yo pa depaman ak prensip ki make tan nou jounen jodi a tankou patisipasyon sitwayen yo nan jesyon Leta a, transparans ak bon jan rezilta nan aksyon Leta yo.
Lè nou rann bidjè a fasil pou konprann, disponib tout kote, epi lè pèp la patisipe nan prepare li,
nou tabli bon jan baz pou yon sosyete angaje ak yon demokrasi pi djanm.
Koze bidjè sitwayen an chita sou 3 gwo wòch dife ki kapab chanje fason Leta a kominike ak sitwayen li yo
• Fè jagon finans yo ki parèt konplike, vin pi fasil pou konprann;
• Itilize yon langaj senp, avèk mwens mo Teknik;
• Prezante enfòmasyon yo klè, nan yon fason ki kapte atansyon moun trap de, san kase tèt.
• Fè yon jan pou tout moun jwen enfòmasyon ki nan bidjè Leta a nan bon ti mamit, san grate tèt ;
• Prezante dokiman yo sou fòm imaj, son, videyo, yon fason pou tout kategori moun nan sosyete a ka konprann ;
• Oganize chita pale, oswa lòt kalte aktivite pou bay enfòmasyon epi pèmèt piblik la reyaji epi konprann pi byen.
• Fè tout moun we aklè kijan leta rantre epi depanse lajan;
• Montre kijan Otorite yo respekte angajman yo devan pèp la;
• Ranfòse kontwòl sitwayen yo dwe genyen sou fason Leta a ap itilize kòb peyi a.
Poukisa li difisil pou konprann bidjè tradisyonèl la?
Yon Latriye gwo mo teknik
Bidjè a gen ladann anpil gwo mo Teknik tankou “dotasyon”, “amotisman”, e latriye
ki bay moun k'ap li l' yo anpil difikilte pou yo konprann li.
Yon Prezantasyon tèt chaje,
Si yon moun ki pa nan domèn nan, l’ap gen anpil difilite pou li li bidjè a nan fason li oganize a
paske li chapanpte tankou yon eskalye ki gen plizyè mach tankou:
Ministè, Chapit, Seksyon,
ak atik ki pa fin two klè pou anpil moun ki pa abitye ak yo.
Enfòmasyon pil sou pil
Dokiman bidjè ofisyèl yo gen anpil paj. Sa ki fè li pa fasil pou yon moun konsilte li, rezime l epi jwenn nannan dokiman an trap de.
Fé tout moun konprann bidjè a se premye pa pou fè sitwayen yo patisipe nan jan Leta ap mennen bak peyi a.
Pou sa fèt, fòk dokiman Teknik sa a tounen yon dokiman ki pèmèt nou simaye lakonesans tribò babò.
Fé Bidjè a rive jwenn tout moun gen pou wè ak fason li prezante epi mwayen yo itilize pou fè enfòmasyon ki ladan yo sikile.
1- Prezantasyon sou divès fòm
Bidjè sitwayen an ap disponib sou plizyè fòm: sou papye, sou fòm nimerik ak mesaj pou moun ka koute oubyen gade nan lide pou sansibilize tout sitwayen alawonnbadè.
2- Prezantasyon sou plizyè platfòm
Enfòmasyon sou bidjè a ap pataje sou rezo sosyal yo, sou sit ministè ak lòt instititisyon Leta yo, nan radyo , jounal ak televizyon lokal yo, epi nan tout espas piblik ak kominotè kote moun reyini pou brase lide.
3- Rive tou pre moun yo
Pou nou fè enfòmasyon ki nan bidjè a rive jwenn tout moun kèlkeswa kote yo rete nan peyi a, fok gen anpil chita pale nan tout komin yo nan lè ak dat k ap pèmèt tout moun patisipe.
4- Fè yon jan pou tout moun jwenn
Chak moun ap ka chwazi fòm bidjè ki pi adapte ak kondisyon fizik li, nan lang li santi li pi alèz la.
Resous Leta yo se tout lajan Leta ranmase pou li ka fonksyone epi bay sèvis bay popilasyon an, tankou edikasyon, sante, sekirite, ak devlopman peyi a.Pou egzèsis fiskal 2025–2026, Leta prevwa mobilize 345,51 milya goud pou finanse aktivite ak pwojè li yo.Majorite lajan sa a ap sòti nan resèt peyi a ranmase anndan, sitou enpo ak taks sitwayen yo ak antrepriz yo peye.