Konsènan nou
Misyon ak atribisyon
Misyon, atribisyon ak fonksyònman Direksyon Jeneral Bidjè a.
Misyon ak atribisyon
1. Misyon
Direksyon Jeneral Bidjè a, ki se yon sèvis teknikman dekonsantre Ministè Ekonomi ak Finans, gen pou misyon aplike politik bidjetè Leta a.
2. Atribisyon
Direksyon Jeneral Bidjè a gen pou atribisyon :
- patisipe nan fòmilasyon ak aplikasyon politik bidjetè a ;
- prepare, ansanm ak enstitisyon ki konsène yo, yon kad bidjetè plizyè ane dapre objektif finansye ak pèfòmans yo ;
- prepare, dapre anviwònman makwoekonomik la, lwa finans inisyal ak rektifikatif yo an akò ak politik gouvènman an ;
- jere politik bidjetè a dapre objektif yo fikse sou soutenabilite finansye ak pèfòmans ;
- kontwole egzekisyon bidjè Leta a ;
- siveye risk bidjetè yo ;
- jere sòld ajan piblik Administrasyon Leta a ;
- bidjetize e jere finansman Pwogram envestisman piblik la ;
- jere patrimwàn administratif Leta a ;
- patisipe nan preparasyon pwojè lwa règleman an ;
- prepare tout estrateji pou modènize finans piblik yo ;
- fikse prensip, devlope zouti bidjetè modèn epi veye pou yo aplike ;
- patisipe nan preparasyon règ kontablite piblik yo ;
- patisipe nan negosyasyon pwogram ekonomik ak finansye ki angaje Leta ayisyen.
Estrikti òganizasyonèl
Direksyon Jeneral Bidjè a anba responsablite yon kad ki gen tit Direktè jeneral, Prezidan Repiblik la nonmen pa arete nan Konsèy minis, sou pwopozisyon minis ki responsab Ekonomi ak Finans. Pou l akonpli misyon l, li gen estrikti sa a :
- Direksyon Etid ak Pwogramasyon Bidjetè (DEPB) ;
- Direksyon Kontwòl Bidjetè (DCB) ;
- Direksyon Analiz ak Swivi Envestisman Piblik (DASIP) ;
- Direksyon Sòld (DS) ;
- Direksyon Estatistik ak Enfòmatik (DSI) ;
- Direksyon Afè Administratif ak Bidjè (DAAB) ;
- Direksyon Resous Imen (DRH) ;
- ak Inite kowòdinasyon reprezantasyon depatmantal Bidjè a (UCRDB), ki poko ap fonksyone.


Efektif
Pou l sèvi kolektivite a, Direksyon Jeneral Bidjè a gen san senkannen (151) fonksyonè : 64,24 % gason ak 35,76 % fanm. Sa montre volonte DGB a pou l respekte lwa konstitisyonèl 9 me 2011 ki amande Konstitisyon 29 mas 1987 la, sou prensip kota omwen trant pousan (30 %) fanm nan tout nivo lavi nasyonal la.
Laj mwayen nan DGB a se karanndezan.
| Direksyon | Fonksyonè |
|---|---|
| DAA | 48 |
| DASIP | 14 |
| DCB | 37 |
| DEPB | 9 |
| DG | 11 |
| DRH | 4 |
| DS | 20 |
| DSI | 8 |
Direksyon ak inite
Atribisyon ak sèvis chak direksyon parèt sou paj Direksyon ak sèvis la.
Inite kowòdinasyon reprezantasyon depatmantal Bidjè a (poko ap fonksyone)
Li anba responsablite yon kowòdonatè ki gen ran direktè, e li :
- kowòdone aktivite Direksyon Jeneral Bidjè a sou tout teritwa nasyonal la ;
- fè lyen ant sèvis santral yo ak reprezantasyon depatmantal Bidjè yo ;
- akonpaye direksyon depatmantal yo nan preparasyon pwopozisyon depans yo ;
- fè kontwòl finansye sou regilarite ak konfòmite depans bidjetè yo ;
- fè tout lòt travay ki gen rapò.