Direksyon Jeneral Bidjè

Konsènan nou

Direksyon ak sèvis

Direksyon Jeneral Bidjè a gen yon direksyon jeneral ak sèt direksyon teknik ak administratif.

Òganizasyon

Direksyon jeneral la se estrikti santral Direksyon Jeneral Bidjè a ; li kowòdone diferan direksyon ak inite DGB yo.

Yon sekretarya teknik ede l : li resevwa, jere e swiv dosye administratif yo. Sekretarya a planifye randevou Direktè jeneral la tou.

Telefòn : +509 2992 1040 / 2992 1042 / 2992 1079

  1. Kowòdone travay preparasyon pwojè lwa finans inisyal ak rektifikatif yo ;
  2. Detèmine, ansanm ak enstitisyon piblik yo, endikatè rezilta ki gen rapò ak egzekisyon bidjè a epi swiv yo ;
  3. Veye pou bidjetizasyon chak ane antre nan pwogramasyon plizyè ane a e pou l swiv yon lojik pèfòmans ;
  4. Patisipe nan preparasyon pwojè lwa règleman yo ;
  5. Analize bezwen yo e evalye kapasite finansman enstitisyon piblik yo ;
  6. Ede enstitisyon piblik yo nan preparasyon pwopozisyon depans yo ;
  7. Analize demann kredi enstitisyon piblik yo e soumèt pwopozisyon ki konfòm ak objektif finansye gouvènman an ;
  8. Fè etid previzyon bidjetè pou etabli kad makwoekonomik bidjè a, ansanm ak sèvis ki konsène yo nan Ministè Ekonomi ak Finans ak nan Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn ;
  9. Fè dyagnostik ak analiz enpak bidjetè ;
  10. Prepare modalite pou siveye risk bidjetè sektè piblik la, eksepte sosyete monetè yo ;
  11. Swiv egzekisyon bidjè a ;
  12. Bay avi sou zak, tèks lejislatif ak reglemantè ki gen enpak sou bidjè a.

Sèvis

  • Sèvis analiz ak previzyon resous
  • Sèvis analiz ak previzyon depans
  • Sèvis etid bidjetè
  • Sèvis siveyans risk bidjetè

Telefòn : +509 2992 1043 / 2992 1055

Direksyon Kontwòl Bidjetè a gen pou atribisyon :

  1. Fè kontwòl finansye sou regilarite ak konfòmite depans bidjetè yo ;
  2. Fè regilasyon bidjetè ;
  3. Ede enstitisyon piblik yo nan preparasyon pwopozisyon depans yo ak nan egzekisyon kredi bidjetè yo ;
  4. Swiv egzekisyon depans piblik yo pou avèti ordonatè a lè gen risk bidjetè ;
  5. Veye pou yo respekte e aplike nòm ak prensip ki an vigè nan jesyon finans piblik ayisyen yo, e patisipe nan mizajou yo ;
  6. Pwopoze prensip ak règ jesyon bidjetè pou enstitisyon piblik yo ;
  7. Kenbe kontablite angajman depans piblik yo.

Sèvis

  • Sèvis kowòdinasyon kontwòl finansye
  • Sèvis analiz ak swivi egzekisyon depans
  • Sèvis regilasyon bidjetè

Telefòn : +509 2992 1045

Direksyon Analiz ak Swivi Envestisman Piblik la gen pou atribisyon :

  1. Patisipe nan pwogramasyon envestisman piblik sou plizyè ane ;
  2. Asire planifikasyon operasyonèl pwogram envestisman piblik yo soutenab sou plan finansye ;
  3. Fè alokasyon bidjetè plizyè ane ak pwogramasyon anyèl jan enstitisyon Administrasyon Leta yo prevwa itilize depans sa yo ;
  4. Akonpaye enstitisyon Administrasyon Leta yo pou estime depans ki repete nan envestisman piblik yo epi verifye yo antre nan bidjè apre ;
  5. Aplike mezi akonpayman ak swivi politik kad sou gouvènans pwogram envestisman piblik yo prevwa ;
  6. Swiv egzekisyon finansye Pwogram envestisman piblik la (PIP) ;
  7. Swiv angajman Leta ayisyen pran ak bayè fon yo nan domèn finans piblik ;
  8. Bay avi sou zak, tèks lejislatif ak reglemantè ki gen enpak sou bidjè a ;
  9. Patisipe nan enspeksyon ak kontwòl pwojè k ap egzekite ak pwojè ki fini.

Sèvis

  • Sèvis bidjetizasyon ak pwogramasyon envestisman piblik
  • Sèvis kontwòl ak egzekisyon envestisman piblik
  • Sèvis analiz depans ak pèfòmans
  • Sèvis sipò pou kowòdinasyon resous ekstèn

Telefòn : +509 2992 1044 / 2992 1047

Direksyon Sòld la gen pou atribisyon :

  1. Jere reminerasyon pèsonèl Administrasyon Leta a ;
  2. Trete e regilarize tout operasyon sòld yo ;
  3. Swiv mouvman pèsonèl Administrasyon Leta a ;
  4. Asire done pewòl yo serye e dosye resous imen Administrasyon Leta a ajou regilyèman ;
  5. Fè previzyon efektif pèsonèl Administrasyon Leta a ;
  6. Pibliye lis fonksyonè ki gen dwa pou pansyon sivil retrèt ;
  7. Bay avi motive sou sistèm salè òganis otonòm yo ak tout lòt antite Leta sibvansyone ;
  8. Bay avi sou zak, tèks lejislatif ak reglemantè ki gen enpak sou mas salaryal la ;
  9. Egzamine pwoblèm kontansye sou salè ak pansyon ;
  10. Patisipe nan preparasyon grip salè a e pwopoze mizajou l.

Telefòn : +509 2992 1049 / 2992 1080

Direksyon Estatistik ak Enfòmatik la gen pou atribisyon :

  1. Rasanble, trete e analize enfòmasyon estatistik ;
  2. Mete zouti estatistik disponib pou lòt direksyon yo ;
  3. Konsevwa modèl analiz ak previzyon ansanm ak enstitisyon rechèch nan domèn finans piblik ;
  4. Devlope zouti analiz ak alèt sou risk bidjetè enstitisyon sektè piblik ki pa monetè yo ;
  5. Kenbe pak enfòmatik la an bon eta e jere sistèm enfòmasyon yo ;
  6. Akonpaye lòt direksyon yo nan teknoloji ak tretman done ;
  7. Kontribye pou mete sou pye yon kad pou echanj done ant sèvis k ap jere ak sèvi ak sistèm enfòmatik yo.

Sèvis

  • Sèvis estatistik
  • Sèvis antretyen ak rezo
  • Sèvis jesyon sistèm enfòmasyon

Telefòn : +509 2992 1053

Direksyon Afè Administratif ak Bidjè a gen pou atribisyon :

  1. Jere resous materyèl ak finansye Direksyon Jeneral Bidjè a ;
  2. Prepare bidjè anyèl la ansanm ak inite yo ak lòt direksyon yo ;
  3. Prepare e fè aplike règleman entèn yo, nòm ak pwosedi administratif sou jesyon resous materyèl ak finansye ;
  4. Fè tout lòt travay ki gen rapò.

Sèvis

  • Sèvis bidjè ak kontablite
  • Sèvis resous materyèl
  • Sèvis kominikasyon ak relasyon piblik
  • Sèvis achiv ak dokimantasyon

Telefòn : +509 2992 1046 / 2992 1048

Direksyon Resous Imen an gen pou atribisyon :

  1. Rekrite pèsonèl la, ansanm ak Direksyon jeneral la ak Biwo Jesyon ak Resous Imen an (OMRH), fè plan karyè e swiv yo ;
  2. Konsevwa e patisipe nan egzekisyon tout pwogram pèfeksyònman ak motivasyon pèsonèl la pou amelyore pèfòmans li ;
  3. Garanti pèsonèl la avantaj sosyal ak materyèl ki mache ak estati l ;
  4. Veye pou yo aplike e respekte lwa sou estati jeneral fonksyon piblik la ;
  5. Planifye kantite pèsonèl ak afektasyon yo ;
  6. Veye pou yo aplike grip salè a ;
  7. Sijere tout mezi ki ka ede jere pèsonèl la pi byen ;
  8. Fè tout lòt travay ki gen rapò.

Sèvis

  • Sèvis fòmasyon ak evalyasyon
  • Sèvis reminerasyon ak avantaj sosyal
  • Sèvis rekritman ak jesyon karyè

Telefòn : +509 2992 1054 / 2942 3030

Inite Kowòdinasyon Reprezantasyon Depatmantal Bidjè yo poko fonksyone.