Direksyon Jeneral Bidjè

Konsènan nou

Mesaj Direktè jeneral la

Byenveni sou sit entènèt Direksyon Jeneral Bidjè a!

Jean Michel Silin

Direktè jeneral

Zouti sa a nou mete disponib pou piblik la fè pati efò pou modènize jesyon finans piblik yo, sitou atravè refòm finans piblik k ap fèt nan Ministè Ekonomi ak Finans (MEF). Nou kreye sit sa a paske nou vle amelyore transparans, ki se yon kondisyon esansyèl pou ranfòse bon gouvènans.

Jodi a, pou moun k ap sèvi ak sèvis piblik yo, antrepriz yo, sosyete sivil la, envestisè yo, etidyan ak chèchè yo ansanm ak patnè teknik ak finansye yo, enfòmasyon sou bidjè a ak transparans nan jesyon resous piblik yo vin tounen yon nesesite. Se poutèt sa li enpòtan pou nou mete disponib done sou bidjè a, kad regleman ki gouvène preparasyon ak egzekisyon lwa finans yo, ansanm ak angajman Leta pran yo. Reyalizasyon sa a montre volonte nou pou nou reponn ak objektif devlopman dirab yo, ki vle pwoteje jenerasyon k ap vini yo kont desizyon dirijan jodi a ap pran. Transparans bidjetè, lè nou difize an tan reyèl enfòmasyon sou operasyon finansye Leta, se yon fason pou ankouraje tout moun patisipe nan desizyon ki gen enpak sou prezan ak avni sosyete a.

Chè itilizatè, mwen ankouraje nou vin konsilte enfòmasyon ki sou sit la regilyèman. Pa ezite enskri nan bilten enfòmasyon an (newsletter) epi voye sijesyon nou ban nou.

Bon lekti!

Jean Michel Silin Direktè jeneral