
Bidjè nasyonal la se plan finansye Leta a. Li montre resous yo prevwa ak depans ki nesesè pou peyi a fonksyone. 
Pou egzèsis 2026-2027 la, bidjè a prevwa yon anvlòp anviwon 401,2 milya goud pou finanse aksyon ak priyorite Leta yo. 
Resous Leta yo soti sitou nan resèt nasyonal yo, tankou enpo ak taks, ansanm ak finansman ekstèn. 
Yon bidjè responsab vle di mobilize resous ki disponib yo e planifye depans yo dapre bezwen ak mwayen Leta. 
Chak depans piblik dwe reponn yon bezwen reyèl e ede amelyore sèvis piblik yo ak kondisyon lavi popilasyon an. 
Ranfòse sekirite piblik ak defans nasyonal se yon priyorite esansyèl pou estabilite e pou pwoteje popilasyon an. 
Ranfòse enstitisyon piblik yo ak òganize eleksyon yo esansyèl pou estabilite peyi a ak fonksyònman demokratik Leta. 
Edikasyon, sante, aksè a dlo ak pwoteksyon sosyal endispansab pou amelyore kondisyon lavi sitwayen yo, sitou moun ki pi vilnerab yo. 
Bidjè 2026-2027 la mete aksan sou twa gwo aks : sekirite nasyonal, ranfòsman enstitisyon yo ak relans ekonomik ansanm ak pwoteksyon sosyal.
Dènye mizajou: 29/10/2026